Jou nou te kontre a
zwazo nan bwa
te tounen krèy chanpwèl
pou fete desten nou
Tan an te dous
tankou ti bo banben
k ap sèke foli
anba tonèl inosans
M te renmen w san kite rès
san kè sote nan gòj
pi wo pase batman kè m
M te renmen w tou debraye
san m pa t konnen sou ki fwontyè
rèv nou ta ka bout
Jou nou te kontre a
zwazo nan bwa
te kanpe an gadavou
pou te salye lanati
k ap mime bri kè n
Lanmè te triye grenn sab tribòbabò
pou bouche twou vid kò nou
Van te fè reklam sou konfyolo n
sou tout jou ki te pote sant nou
sou tout pwezi m te taye
sou mezi souri w
Lanmou m pou ou
se te pi bèl kantik nan bouch zanj
s on kout bagèt
ki t ap kole moso lalin
mare anba je n
s on powèm ki te bay lòt fanm kò kraze
Poutan relijyon di m
akokiye santiman m
relijyon di m kò w se ma siklòn
leta ap debat
S on piman zwazo k ap fè bras
nan je timoun aviyasyon
Relijyon di m se legba
k ap gide pousyè pye w
nanpwen sen ki ka fè boutonye
pou madigridji nanm ou
nanpwen priyè
ki ka pote komisyon souf ou
Relijyon di m pa renmen w
ou s on move kout zegwi
nan woulèt wòb limanite
.